Bonjour

Ekspè yo dekouvri gen 115 pyè dyaman ki disparét nan kouwòn«Faustin Soulouque» la.

Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on whatsapp
Share on telegram
Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on whatsapp
Share on telegram

Ekspè yo dekouvri gen 115 pyè dyaman ki disparét nan kouwòn«Faustin Soulouque» la.

Kouwòn « Faustin 1er » a konsidere kòm youn nan kouwòn ki pi estravagan e ki vo plus kòb nan mond lan

Li konfeksyone an frans nan ane 1851 pa yon ekspè Fransè nan zafè bijou presye ki rele “Arthus Bertrand”.Kouwòn sa te rantre an ayiti pou seremoni òdinasyon “Faustin Soulouque” kòm Anperè sou non « Faustin 1er » an avril 1852.

Se yon kouwòn ki fét ak anpil lò de kalite brit, avèk anpil lòt pyè ki pi presye sou latè beni tankou: 835 grenn dyaman, 8 pyès rubi, 8 Safi koulè Grenade ak emwod.

Aprè depa anperè “Soulouque” an 1859 peyi a te pral konnen anpil twoub kote popilasyon an te an kòlè sou jan anperè “Soulouque” tap dirije peyi a e yo te vle boule, kraze tout sa anperè a te kite. Pou pwoteksyon byen ak materyèl leta yo, kouwòn nan ta pral sibi anpil deplasman nan lide pou pwoteje valè li reprezante.

Pour rezon sa  nan ane 1914 « Fabre Géffrard » ki tap dirije apre “Soulouque” ,te fè yo pote kouwòn nan sena repiblik la pou enspeksyon avan pou yo tal depozel nan “Trezò Nasyonal”.
4 avril nan menm ane a, kouwòn nan ta pral deplase pou yo depozel nan kòf bank santral, ansanm avek 3  lòt objè de valè ki se 3 epe lò ak ajan ki te pou Riche, Petion ak Soulouque. Nan ekspètiz ki te fèt sou kouwòn nan, yo te note yo jwenn: 720 dyaman olye de 835 grenn. Sa vle di gen 115 grenn dyaman yo jwenn ki manke. Men yo pa souliye ki jou, kilè vòl sa fèt sou kouwòn nan.

An 1983 yo pral depozel nan Mize Panteyon Nasyonal ( MUPANAH ). Kote li pral pase plizyè ane dèyè vitrin pou vizitè vin admire bote jwayo sa.

Men an 2007, direktè MUPANAH, mesye Robert Paret santi kouwòn nan toujou pa ensekirite, pran desizyon pou al Kachel nan yon andwa ki pi asire pou pwotejel kont tout atak ki te ka mete rès pyè presye ki rete yo an danje.
Juskaprezan pèsòn pa ka rive bay esplikasyon sou vòl ki fèt sou kouwòn « Faustin 1er » a.
Menm jan ak plizyè lòt  byen ki te gen anpil valè tankou: lòt kouwòn madan “Soulouque” la prensès  “Adelina” a ki te gen menm valè ak pa Maril la. Kawòs enperyal Anperè a ak anpil objè presye ki tap sèvi gouvènman wayal sa.

Dokimantasyon: Le Nouvelliste, Haiti Référence

Laissez un commentaire

A lire aussi...